Nòt pou laprès KJM nan okazyon Jounen Entènasyonal Dlo

Kolektif Òganizasyon Ayisyèn k ap Goumen Kont Eksplwatasyon Min yo nan peyi Dayiti pwofite dat 22 mas a ki se jounen Entènasyonal dlo pou denonse gwo malè pandye ki blayi sou tèt peyi a fas ak pwojè eksplwatasyon min Leta Ayisyen genyen an.

Eksperyans eksplwatasyon endistriyèl min ki fèt toupatou sou latè montre se yon aktivite ki gen move konsekans sou kantite ak kalite dlo nan kominote kote yo fè eksplwatasyon yo. Pa egzanp yon konpayi ki nan eksplwatasyon lò itilize 250 mil lit dlo chak 1èdtan. Epi kantite dlo yon konpayi k ap fè eksplwatasyon min lò itilize pou yon jounen, se kantite dlo yon fanmi te ka itilize pandan 20 lane pou pi piti. Konpayi yo anpwazonnen dlo anba tè ak nan rivyè yo akòz itilize pwodwi chimik ak metal lou. Youn nan pwodwi ki fè plis dega se “cyanure” ki se yon pwazon vyolan ki ede min yo ak wòch. Pwodwi sa yo lage pwazon nan rivyè, sous dlo ak nap freyatik la.

Jounen jodi a, Ayiti nan yon kalfou kote malfini lokal ak entènasyonal tout plim tout plimay sèvi ak mizè popilasyon an, analfabetism, laperèz yo pou vin fè dap piyanp sou sa peyi a rete kòm resous natirèl pou al byenmennen epi lage popilasyon ayisyèn la nan soufrans. Eksperyans eksplwatasyon resous natirèl nan ansanm peyi tankou : Ayiti (depi lakoloni 1942, 1956-1972 ak SEDREN, 1956- 1982 ak RENOLD’S), Salvadò, Meksik, Gwatelama, Chili, Ekwatè, Pewou, Bolivi ak lòt peyi an Afrik tankou Kongo, Gana, Papwazi montre povrete yo, soudevlopman yo se konsekans piyaj resous natirèl yo. Verite istorik sa a moutre aklè epi li demanti tout vye pwopagann ki vle fè kwè pwojè eksplwatasyon min yo pral pote travay ak devlopman.

Jounen jodi a, plis pase 15% nan tè peyi a deja anba men konpayi miltinasyonal ki vin fè biznis ak resous nou genyen anba tè. Pandan piyaj karyè yo ap kontinye san kontwòl. Anpil peyizan nan tout peyi a sible pou wete timouchwa tè nan men yo pou kontinye likide bay konpayi. Pwodiksyon agrikòl nasyonal la sou wout pou disparèt nèt akòz se tè k ap fè manje yo konpayi yo vize. Lamizè, grangou sou wout pou l taye banda piplis piske kantite tè y ap diminye sa vin fè kantite manje yo tou ap diminye pandan popilasyon an ap ogmante. Jounen jodi a dlo sous, rivyè, pi yo sou wout pou seche epi kontamine ak yon seri pwodui chimik tankou Siyani, Plon, Mèki. Kouvèti foresyè peyi a ap diminye rapid malgre konstitisyon 1987 la nan atik 253 ekzije pou respekte Anviwonman nou an kom yon kad natirèl pou lavi boujounen. Jounen jodi a nou anfas ak yon Pwojè Lwa minyè Bank Mondyal prepare ak kèk teknisyen gouvenman ayisyen. Pwojè lwa sa a depoze devan Palman an. Tout moun ka konstate li pa respekte lespri ak dispozisyon  Konstitisyon peyi a.

Nou denonse ak tout fòs nou jan Leta ayisyen lage konpayi sa yo ki vin fè biznis, ki pa gen okenn respè pou lavi, anviwonman ak dlo anpatikilye. Yap mache vire lespri moun nan kominote yo nan fè yo kwè lavi yo pral chanje paske aktivite min pral derape.Yap plede fè gwo menas sou yon seri moun tou ki pa dakò ak pwojè ki la depi lè kolon yo te debake nan lane 1492 e ki pa sispann devlope grangou, chomaj, lamizè, soufrans kay peyizan yo, moun katye popilè yo, malere yo, travayè yo.

Kolektif la sezi wè epi denonse ak tout fòs li yon seri Palmantè ki tounen koutye, k ap peye moun pou fè pwopagann sou koze eksplwatasyon min pou yon seri konpayi ki gen yon Pèmi eksplorasyon ki pa valab ankò (ki ekspire). Nou ap pwofite voye yon pinga bay Palman an pou pa vote pwojè lwa Bank Mondyal ak gwo zouzoun nan pouvwa a vle kwoke nan gòj peyi a kise yon pwazon pou lavni nou tout. N ap ankouraje Palmantè yo swiv egzanp peyi El Salvadò ki adopte yon lwa ki entèdi eksplwatasyon min metalik sou tout teritwa yo a.

Kolektif Jistis Min (KJM) ap mande  kominote yo, òganizasyon ak sitwayen konsekan pou leve kanpe pou fòse Otorite nan gouvènman isit ak tout konpayi piyajè yo fè bak sou pwojè lanmò sa a.

Nou ka viv san lò, Nou paka viv san dlo

Wi ak Lavi, Eksplwatasyon min NON !!!

Pou Kolektif la :

PAPDA, POHDH, MODEP, BATAY OUVRIYE, GARR, CE-JILAP, TET KOLE